Accessibility links

Breaking News

Joe Biden ap Travay ak Alye yo Ann Ewòp, ki Depann de Gaz Ris La

Gas prices are advertised at over five dollars a gallon, Feb. 28, 2022, in Los Angeles.

Prezidan Etazini Joe Biden ap travay ak alye yo ann Ewòp, ki depann plis toujou de gaz ris la, pou izole Prezidan ris Vladimir Putin ak ekonomi LaRisi a, ki konte anpil sou ekspòtasyon petwòl ak gaz natirèl.

Grand Bretay anonse madi ke l ap soti sou gaz ak pwodui petwolye ris yo pezape distans pou ane 2022 a bout.

Depite Michael McCaul, Repibliken ki pi wo-plase nan Komisyon Afè Etranjè Chanm Reprezantan an, chante lwanj desizyon Biden pou entèdi enpòtasyon enèji ris, men li di CNN ke Etazini ta dwe fè plis pou peyi a endepandan nan enèji.

Li ajoute ke manman tiyo Keystone XL la, ki te wè Biden anile pèmi li nan premye jou prezidans li a, ta bay plis dwoum petwòl pa jou pase sa Etazini te enpòte nan LaRusi.

XS
SM
MD
LG