Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Kanada Sanksyone 58 Moun ak Antite Ris


Canada's Prime Minister Justin Trudeau attends a news conference in Ottawa
Canada's Prime Minister Justin Trudeau attends a news conference in Ottawa

Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau anonse Jedi, ke Kanada deside sanksyone "58 moun ak antite Ris" an repons ak operasyon militè Ris yo fè nan Ikrèn.

Sanksyon yo pral vize "manm nan elit Ris la", "gwo bank Ris" ak "manm Konsèy Sekirite Ris la" an patikilye.

Gen plizyè minis ris ki jisteman vize pa sanksyon sa yo: pami yo Defans, Finans ak Jistis, gwoup mèsenè Ris Wagner a tou.

Envazyon Ris la nan Ikrèn reprezante yon "gwo menas pou sekirite ak lapè nan mond lan" se pou rezon sa "Nou sispann tout pèmi ekspòtasyon ke Larisi te gen avek nou," Trudeau deklare.

Justin Trudeau te di ke li te pale Jedi ak Prezidan Ikrenyen an Vlolodymir Zelensky. Li te patisipe tou nan yon reyinyon vityèl maten ak lidè G7 yo ak Òganizasyon Trete Nò Atlantik la (LOTAN).

Ottawa enpoze Madi entèdiksyon sou tranzaksyon ak teritwa separatis pro-Ris, sanksyon kont palmantè ak bank, obligasyon ak yon entèdiksyon pou Kanadyen pa achte nan men Ris.

"Anplis sanksyon" yo te enpoze, yo entèdi tout tranzaksyon finansye ant bank Leta Ris ak Kanada.

XS
SM
MD
LG