Prezidan Ameriken an, nan yon manèv ki pa abitye fèt ditou, kote Etazini pran posesyon avwa yon lòt peyi, prezidan an mande pou transfere yo sou kont Rezèv Federal New York, yon enstitisyon piblik. Li vle rezève mwatye nan lajan sa a pou distribye bay fanmi moun ki te viktim atanta 11 Septanm 2001 yo, ki mande dedomajman. Joe Biden prevwa ke lòt mwatye a pwale pou èd imanitè nan Afganistan, men yon jan pou lajan an pa rive nan men Taliban yo, dapre eksplikasyon Lamezonblanch.
"Li enpòtan anpil pou nou ka pran 3 milya 500 milyon dola e asire nou ke li sèvi pou pèp Afganistan an" e an menm tan garanti ke fanmi moun ki te viktim zak teworis "ka fè tande vwa yo" devan lajistis federal Etazini, se eksplikasyon yon responsab wo-plase nan Lamezonblanch nan yon konferans pou laprès.
Responsab la rekonèt ke sityasyon an "legalman konplike", e li fè wè ke anons vandredi 11 Fevriye a se sèlman yon operasyon ki ka dire kèk mwa. Wout prezidan Ameriken an chwazi a pwal soulve gwo pale-anpil kan menm, pandan Afganistan ap fè fas ak yon kriz imanitè grav.
An tou, rezèv brut Bank Santral Afgannistan an te moute rive, an Avril 2021, nan 9 milya 400 milyon dola, dapre Fon Monetè Entènasyonal. Lajan sa a, ke peyi a te depoze anvan Taliban yo te repran pouvwa a nan mwa Daout pase a, li nan peyi etranje e sitou nan Etazini.
Responsab Mezon Blanch yo fè wè ke rezèv Bank Santral sa yo te soti an pati nan èd entènasyonal, e ladann èd Etazini, ke peyi a te resevwa.