Accessibility links

 
Macron : Gen yon Opòtinite pou Plis Negosyasyon Dewoule pou Kalme Kriz sou Fwontyè Ikrèn-Risi
Breaking News

Macron : Gen yon Opòtinite pou Plis Negosyasyon Dewoule pou Kalme Kriz sou Fwontyè Ikrèn-Risi


Russian President Vladimir Putin meets with French President Emmanuel Macron in Moscow
Russian President Vladimir Putin meets with French President Emmanuel Macron in Moscow

Prezidan franse Emmanuel Macron deklare madi gen yon opòtinite pou plis negosyasyon dewoule pou kalme kriz sou fwontyè Ikrèn-LaRisi a, apre chita-koze ak tokay li nan Ikrèn, Prezidan Volodymyr Zelenskiy nan Kyèv.

"Sa nou ta renmen wè nan semèn ak mwa k ap vini yo se pou sityasyon an vin stab e pou nou ka re-angaje nou gras ak nouvo sistèm garanti, yon mwayen pou kalme tansyon an pou lontan," se sa Macron deklare madi.

"Konsa, tèt-frèt ou demontre a, refleksyon ant tout pati ki enplike-yo, ni nan pawòl ni nan aksyon, se sa nou bezwen," se sa Macron di Zelenskiy nan yon konferans pou laprès apre chita-tande yo.

Pandanstan, ransanbleman militè LaRisi nan alantou Ikrèn ap kontinye san rete. 6 avyon de gè Ris te mete tèt pou Lanmè Nwa madi, soti nan Mediterane a. Moskou deplwaye plis pase 100,000 solda sou fwontyè li ak Ikrèn ak plis pase 20,000 lòt lakay vwazen li Belaris, kote y ap patisipe nan ekzèsis militè ansanm. Loksidan pè pou pa gen yon envazyon, men Moskou demanti sa.

XS
SM
MD
LG