Yo distribye vaksen sa a anpil nan Etazuni ak nan mond lan anba yon otorizasyon FDA pou ijans depi nan mwa desanm 2020. Se 2 zyèm vaksen kont COVID-19 ajans la apwouve totalman, apre li te fè menm jan an pou vaksen Pfitzer-BioNTech a nan mwa Out 2021.
Nan yon kominike, komisè pwovizwa FDA a Janet Woodcock di otorizasyon total vaksen sa a se yon etap enpotan nan lut kont pandemic COVID-19 la. Li ajoute pandan moun resevwa plizyè santèn milyon doz vaksen Moderna a anba otorizasyon ijan an, li konprann ke pou kèk moun aprobasyon FDA pou
Vaksen sa a ka petèt ba yo plis konfyans lè y-ap pran desizyon pou yo vaksinen.
Woodcock di piblik la ka asire-l ke vaksen Moderna "ranpli tout kondisyon ke FDA a ekzije pou nenpòt vaksen ke moun ap pran nan Etazini, tankou fòk li san danje, bay bon rezilta, e ke kalite fabrikasyon li kòrèk."
Yo apwouve Vaksen Moderna pou izaj nan plis pase 70 peyi pami yo: Wayom Uni, Kanada, Japon avek Inyon Ewòp la.