OTTAWA - Dè milye manifestan pran lari nan kapital peyi Kanada a pou pwoteste kont egzijans gouvènman an pou moun pran vaksen kont COVID-19 la, mete mask epi rete lakay yo.
Gen kèk moun ki t'al pakin bo Moniman Nasyonal Lagè a, yo te danse sou Tonbo Solda Enkoni a epi gen lot kite pote pannkat, drapo ak ansèy Nazi yo. Gen manifestan tou ki te sèvi ak stati ewo Kanadyen Terry Fox pou kwoke yon deklarasyon anti-vaksen, sa ki te soule kondanasyon toupatou nan peyi a.
Konvwa chofè kamyon ak lòt moun te lakoz lapolis te pran dispozisyon pou posibilite pou zak vyolans epi gouvènman an te lanse yon pinga bay moun ki ap eseye chofe sitysyon an.
Yon responsab wo plase palman an konseye palmantè yo pou yo kadnase pòt yo apre bwi te kouri pou di kòm kwa manifestan yo taka eseye atake rezidans prive yo.