Accessibility links

Breaking News

Etazini Sipòte Kreyasyon yon Trete Pandemi Global


FILE - Health care workers, dressed in full protective gear, take part in a ceremony kicking off a door-to-door COVID-19 vaccination campaign, in El Alto, Bolivia, Sept. 16, 2021.
FILE - Health care workers, dressed in full protective gear, take part in a ceremony kicking off a door-to-door COVID-19 vaccination campaign, in El Alto, Bolivia, Sept. 16, 2021.

Avek enkyetid k ap grandi nan lemond sou nouvo varyan omicron COVID-19 lan ki ap pwopaje nan peyi yo, administrasyon Biden lan salye e sipòte efò Òganizasyon Mondyal Lasante ap fè pou etabli yon nouvo akò entènasyonal sou preparasyon ak repons pandemi nan lavni.

Jenni Psaki, Sekretè pou laprès Lamezonblanch, te di VOA "Etazini pran angajman pou l travay ak peyi manm yo, pou òganize yo sou preparasyon ak repons yo gen pou yo pran pou konfwonte pandemi an . Sa gen ladan l devlope yon nouvo akò konvansyon OMS la avek lòt akò entènasyonal pou amelyore efikasite kesyon lasante sou plan entènasyonal".

FILE - People wait 15 minutes after receiving the Pfizer COVID-19 vaccine during national COVID-19 vaccination campaign in Pamplona, northern Spain, Sept. 2, 2021.
FILE - People wait 15 minutes after receiving the Pfizer COVID-19 vaccine during national COVID-19 vaccination campaign in Pamplona, northern Spain, Sept. 2, 2021.

Yo espere ke trete sou pandemi an ap pare nan mwa me 2024. Gen kèk ekspè nan sante piblik ki trè pesimis sou rezilta sa pral bay.

Korespondan VOA nan Lamezonblanch, Anita Powell kontribye nan rapò sa.

XS
SM
MD
LG