Ann Ayiti, fenomèn kidnaping nan, ki vin konplike yon sitiyasyon ensekirite a ki te kòmanse paralize vi nasyonal la, pa sispann ogmante depi li te parèt nan peyi a sa pa gen lontan. Obsèvatè yo konsidere sa gen yon gwo kokenn enpak sou aktivite yo nan tout domèn, sitou sou ekonomi an ki preske paralize akoz yon laperèz ki oblije sitwayen yo rete lakay yo. Vrèmanvre, depi kèk tan deja, anpil ayisyen pa pran chans riske tèt yo deyò pou okenn rezon –menm pou yo al achte sa yo bezwen pou egzistans chak jou yo; sa ki chanje mach ak evolisyon nòmal lavi a nan yon vil tankou Pòtoprens, kapital la.
Nan yon entèvyou avèk kolaboratè nou Serge Rodriguez, yon jèn antreprenè ayisyen ki abite Pòtoprens, Jean Marc-Arthur Dorante, deklare ensekirite a reprezante yon tanpèt devastatè pou ekonomi an; e youn nan konsekans yo se yon sitiyasyon enposib kote yon antreprenè swa fèmen pòt biznis li totalman, swa li al plase l nan yon peyi etranje, si li kapab. Misye Dorante rekonèt gouvènman an fè efò pou l ankouraje jèn antrepenè yo pran plas yo sou mache nasyonal la e pote kontribisyon yo nan devlopman ekonomi an; sepandan, daprè li, san sekrite “se lave men, siye l atè.” Men kèk ekstrè nan deklarasyon li yo:
“Kondisyon pou kreye antrepriz nan peyi a te deja difisil, pou n pa di yo pa t egziste ditou. Sa te vin konplike avèk fenomèn “peyi lock la” plis yon monte nan ensekirite a depi kek tan deja. Sitiyasyon sa a kokobe aktivite jenn antreprenè ayisyen yo. Menm anvan fenomèn ensekrite a te parèt, nou te gen pou n fè des choix économiques ki te dekapitalize non sèlman jenn antreprenè yo, men tou tout antrepriz ann Ayiti. “
Misye Dorante ajoute degrasyon sitiyasyon sekrite a ann Ayiti oblije jèn ki ta vle envesti nan peyi a demenaje, ale enstale biznis yo nan peyi tankou Chili, Brezil ak Ajantin dabò, epi pi resaman nan Repiblik Dominikèn.
“Konsta nou fè, sè ke de jou an jou kantite jèn antreprenè ki egziste ann Ayiti ap redui. Gen yon vag ki te deja kouri kite peyi a pou yo ale Chili, ale Brezil, ale ann Ajantn. Epi kounyela a, avèk ogmantasyon ensekirite a, gen yon lòt gwoup ki pran desizyon tou bònman pou yo ale an Repiblik Dominiken. Jodi a la a tout ti rès jèn ayisyen ki te vle goumen pou fè yon bagay ann Ayiti… pa rapò ak monte ensekirite a -malgre ke kowonaviris la epaye nou, nou ka di sa an kèlke sòt- malgre jèn ayisyen sa yo te vle fè biznis yo, jounen jodi a se fèmen y ap fèmen pòt biznis yo, y ap vann byen ke yo genyen, pran tout sa ke yo posede epi travèse an Repiblik Dominikèn pu yo ouvri des entreprises nan yon peyi ki pa peyi yo, pafwa nan kondisyon ki ekstrèman difisil. Men yo fè l kanmenm, paske yo konnen nan lavni yo ka jwenn beaucoup plus de résultats. “
Daprè Jean Marc-Arthur Dorante toujou, se pa avèk kè kontan antreprenè yo ap kite Ayiti pou y al kreye travay lòt kote. Sepandan mank sekirite nan pwòp peyi yo pa ba yo posiblite pou yo rete lakay yo, sitou ke yo pa wè ki kote yon amelyorasyon ap sòti.
“Kite m ajoute ke gen anpil jèn ayisyen ki fè biznis ann Ayiti, ki gen bòn volonte, ki gen kèk bèl plans d’affaires, ki gen kèk bèl pwojè nan tèt yo; men yo manke mwayen ekonomik. Nan sans sa a gouvènman ayisyen an fè anpil efò pou l lanse “programme d’aide à entrepreunariat jeunesse”… Malerezman tout efò sa yo, san sekirite, se lave men, siye l atè; paske ou ka gen yon pwojè antrepriz, ou ka gen lajan nan men w pou w envesti nan peyi w, ou oblije pran kòb sa a pou bay moun k ap ofri w sekirite nan plas leta. Kidonk, se byen malere; si pa gen sekirite, tout efò sa yo, kote leta mete yon pwogram konsa sou pye pou l lanse 2 mil antrepriz chak ane, sa pa p abouti a anyen, paske san sekirite nou pa p gen lapè n ap chache a pou nou travay pou n ogmante kapital nou, pou n ogmante kantite moun ki sipoze ap travay nan peyi a.”
Oganizasyon Centre d’Analyse et de Recherche en Droits de l’Homme (CARDH) pibliye, nan bilten No. 3 li, yon analiz sou fenomèn ensekirite a ann Ayiti kote li konpare kantite kidnaping ki te fèt nan mwa mas 2021 an ak kantite yo te anrejistre pou 2 premye mwa ane a. Sant la fè konnen “pou mwa mas la te gen 27 kidnaping, tandiske chif la te 50 ak 65 pou janvye ak fevriye respektivman; sa ki bay an total 142 ka (pami viktim yo te gen 5 sitwayen etranje). Men se yon ogmantasyon pa rapò ak ane 2020 an kote kantite total la sete 51. Daprè CARDH toujou, chif la pou mwa mas la montre yon tandans kote aktivite yo bese depi ane a te kòmanse; men kantite a reprezante yon ogmantasyon pa rapò ak valè kidnaping ki te fèt nan peyi a pandan premye trimès ane 2020 an.