Nan Misisipi, Ozetazini, manm palman eta a vote, nan jounen dimanch 28 jen 2020 an, pou yo elimine senbòl konfederasyon an nan drapo misisipyen an, sa ki pwovoke gwo bravo, gwo lakontantman, plis pase yon syèk apre palmantè sipremasis blan yo te adopte senbòl la yon jenerasyon apre pati sid peyi a te pèdi Gè Sesesyon an oubyen Gè Sivil la.
Vrèmanvre, nan apremidi dimanch la, tou le 2 chanm palman an vote, nan 2 sesyon ki dewoule rapidman youn apre lot, pou yo voye drapo a nan remiz -yon vote kote, nan tou le 2 chanm yo, majorite palmantè tou le 2 pati yo vote pou yo apiye desizyon istorik sa a. Gouvènè repibliken Misisipi a, Tate Reeves, deklare li pare pou l siyen lejistasyon an pou fè l tounen lwa; epi aktyèl drapo eta a pral pèdi tout valè legal li yon fwa siyati li va sou dokiman an. Sepandan gouvènè a pa presize ki jou ni ki lè seremoni siyati a pral dewoule.