Accessibility links

Breaking News

La Mezon Blanch Anonse yon Rankont ant Prezidan Trump ak Lidè Karayib yo Vandredi 22 Mas la


The White House Building in Washington.
Lokal Mezon Blanch la nan Washington.
The White House Building in Washington. Lokal Mezon Blanch la nan Washington.

Daprè yon nòt ki sòti nan biwo Sekretè Laprès Mezon Blanch la, Prezidan Donald Trump pral rankontre, nan rezidans prive l nan Mar-a-Lago, nan Eta Florid, nan jounen vandredi 22 mas la, avèk kèk lidè peyi nan Karayib la tankou Bahamas, Repiblik Dominikèn, Ayiti, Jamayik ak Sent Lisi.

Objektif rankont sa a se reafime angajman ak amitye Prezidan Trump pou lidè rejyonal yo ak enpòtans Karayib la genyen pou Lèzetazini. Pwogram rankont la prevwa Prezidan Trump pral pale de vizyon li pou relasyon Lèzetazini avèk divès peyi karayib yo, san bliye envestisman potansyèl gran vwazen am kapab fè nan rejyon an nan sektè enèji a.

Daprè nòt la toujou, lidè ameriken an di se avèk anpil enpasyans l ap tann pou l travay ak peyi karayib yo pou l ranfòse kowoperasyon nan domèn sekirite a epi chache kontrekare pratik ekonomik Lachin nan zòn nan. Misye Trump gen pou l pwofite de rankont la pou l remèsye lidè peyi karayib yo pou sipò yo bay koz lapè ak demokrasi nan Venezuela.

XS
SM
MD
LG