Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik: 2 Lejislasyon sou Re-Ouvèti Gouvènman an Tonbe nan Sena a


Lidè minorite demokrat la nan Sena a, Chuck Schumer (D- N.Y.) pandan li t ap rive nan Kapitòl la, lokal Kongrè a, nan Washington, jedi 24 janvye 2019.
Lidè minorite demokrat la nan Sena a, Chuck Schumer (D- N.Y.) pandan li t ap rive nan Kapitòl la, lokal Kongrè a, nan Washington, jedi 24 janvye 2019.

Sena a te gen sou ajanda travay li 2 vòt jedi 24 janvye 2019 la: yon vòt sou yon pwopozisyon-lwa Repibliken yo te soutni epi yon 2èm ki te sòti nan Chanm Depite a kote Demokrat yo genyen majorite a. Objektif 2 dokiman yo sete mete fen nan fèmti pasyèl gouvenman an ki rive nan 2èm mwa li, men pa 2 mwayen diferan.

Youn sete sou yon propozisyon repibliken yo te patwone e ki te ofri 5 milya 700 milyon dola Prezidan Donald Trump mande pou konstriksyon yon miray sou fwontyè Lèzetazini ak Meksik la. Li te prevwa tou plis refòm nan sistèm imigrasyon nan kad yon plan finansman operasyon gouvènman an pou rès ane fiskal 2019 la.

Anplwaye Leta federal ameriken an k ap mande otorite yo (atravè lidè majorite a nan Sena, Mitch McConnell) re-louvri gouvènman an pou yo ka retounen nan travay yo
Anplwaye Leta federal ameriken an k ap mande otorite yo (atravè lidè majorite a nan Sena, Mitch McConnell) re-louvri gouvènman an pou yo ka retounen nan travay yo

Lòt lejislasyon an se yon propozisyon-lwa Demokrat yo te patwone e ki te mande pou Kongrè ak Prezidan Trump aksepte relouvri gouvènman an jous nan dat 8 fevriye 2019 la, sa ki ta bay 2 pati yo tan pou yo negosye yon solisyon final e defiinitif.

XS
SM
MD
LG