Accessibility links

Breaking News

Etazini: Fèmti Pasyèl Gouvènman Federal la rive sou 27tèm jounen li


Lidè Minorite Demokrat Nan Sena a, Chuck SchumerAP/ Scott Applewhite
Lidè Minorite Demokrat Nan Sena a, Chuck SchumerAP/ Scott Applewhite

US SHUTDOWN BORDER CNPK

Tansyon kòmanse ap monte 17 wotè palmantè ameriken yo , nan moman fèmti gouvènman federal-la preske ruve sou yon mwa, yon fèmti ki makonnen ak egzijans prezidan Donald Trump ap fè pou kongrè a bali lajna pou konstwi yon mu sou fasad sud fwontyè Etazuni pataje ak Meksik-la. Lidè majorite repibliken nan sena-a Mitch McConnell pase prezidan chsanm depite demokrat Nancy Pelosi nan rizib, kote li fè konprann li pa an akò ak pwòp pati demokrat li-a sou kesyon konstruksyon miray-la.

" Nan ane ki pas yo moun te ka wè yon administrasyon demokrat bati menm baryè an asye-a. enben se menm baryè asye sa yo prezidan sa-a vle agrandi. Sepandan, jounen jodi-a , sanble demokrat yo twò kontan pou suiv enstruksyon madmwazèl San Francisco epi adopte pozisyon alekstrèm li pran-an kòmkwa mu-an ta vinn tounen yon bagay imoral, depi kilè mezanmi?

Anmèmtan tou, senatè eta Kentucky kontinue pou'l di : sèl fason pou kraze empass-la. se jwenn yon akò tou 2 pati yo kapab aksepte. Bò kote pa li, lidè minorite demokrat nan sena-a, Chuck Schumer fè sijesyon pou di : mesye McConnell ap itilize otorite li genyen-an pou defann enterè prezidan-an.

" Mwen ta kapab di lidè-a : ou kapab pa dakò avèk nou tou senpleman. Ouvè gouvènman-an. Se yon bagay ou kapab fè lidè McConnell. Tout toya ou kontinye ap voye yo, sa pa pral ouvè gouvènman-an. Nou tout konnen prezidan Donalf Trump ki obstak-la. Ou konn sa. mwen konn sa, e nou tout konn sa.

An atandan, lidè ameriken-an di li pa pral pran an konsiderasyon okenn pwopozisyon ki pa mache ak lajan fimans lap reklame pou mu li vle bati-a. Men kanmèn, li siyen yè mèkredi-a lwa ki bay amplwaye federal yo garanti pou yo touche lajan salè gouvènman dwe yo, tankou sa konn fèt padan lòt fèmtu gouvènmantal ki te vini anvan yo.

Pou sak konsène travayè kontrayèl gouvènman anboche nan men konpayi prive, gen posiblite pou yo pa touche salè yo pèdi nan peryòd fèmti-a.

XS
SM
MD
LG