Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik: Ankèt sou Enplikasyon Larisi nan Prezidansyèl 2016 la Pran yon Lòt Viraj


Michael Cohen pandan li t ap antre nan yon tribinal federal nan New York jedi 29 novanm 2018 la.
Michael Cohen pandan li t ap antre nan yon tribinal federal nan New York jedi 29 novanm 2018 la.

Ankèt lajistis amerikèn ap menenn sou wòl Larisi te sadizan jwe nan eleksyon prezidansyèl ki te dewoule Ozetazini nan lane 2016 la, pran yon tounan ki vrèman enpòtan nan jounen jedi 29 novanm 2018 la kote yon ansyen avoka Prezidan Donald Trump, Michael Cohen, mande yon antant pandan li te konpatèt nan yon tribinal nan New York. Anpil analis panse aksyon Mèt Cohen nan ka gen konsekans grav sou rès avni ankèt la.

Lè Michael Cohen te kite tribinal federal nan New York la avèk avoka li, Mèt Guy Petrillo, bò kote l, li pa t aksepte fè komantè pou laprès; men Mèt Petrillo te fè yon deklarasyon tou kout.

"Misye Cohen kowopere; e misye Cohen pral kontinye kowopere."

Daprè dokiman jij denstriksyon k ap dirije ankèt sou dosye Larisi-Eleksyon an, Robert Mueller, soumèt nan tribinal la, Michael Cohen rekonèt li te bay Komisyon Sèvis Sekrè Sena a manti ane pase lè l t ap fè depozisyon sou pwojè Prezidan Trump te genyen pou l achte byen imobilye nan Larisi, paske li te vle rete lwayal ak Misye Trump.

Imedyatman apre tribinal la te resevwa demand dantant Michael Cohen nan, Prezidan Trump pa t pran tan pou l bay reyaksyon li avèk deklarasyon sa a:

"Misye se yon moun tèt fèb; e, pa le fèt ke misye gen tèt fèb, kontrèman avèk lòt temwen nou te wè daja, misye dispose fè sa l kapab pou lajistis ka ba li yon pinisyon redui."

Daprè reyaksyon ki sòti nan Kongrè ameriken an aprè Michael Cohen te fin fè depozisyon li, gen depite ak senatè ki di yo enkyete anpil devan le fèt ke plizyè pwòch kolaboratè Prezidan Trump pa di laverite sou dosye "Larisi-Eleksyon an" e poutèt, selon yo, otorite yo nan La Mezon Blanch pa sanble yo byen konnen kijan pou yo fè travay yo.

XS
SM
MD
LG