Nan nimewo 764 jounal Le National ki parèt mèkredi 24 oktòb 2018 la, nou jwenn yon atik ki pote siyati Kendi Zidor e ki pale de yon pwogram otorite yo nan Chili mete sou pye pou yo akonpaye plizè imigran ayisyen k ap viv nan peyi a retounen lakay yo nan kad sa yo rele yon”depòtasyon volontè” (Sic). Premye vòl-retou yo, daprè atik la, fikse pou fen mwa d oktòb 2018 la.
Operasyon-retou sa a antre nan kad yon plan gouvènman chilyen an lanse pou regilarize sitiyasyon imigran ki nan peyi a. Youn nan eleman plan sa a se asistans otorite yo nan Santyago dispoze bay tout sitwayen ayisyen ki vle retounen ann Ayiti kòm “volontè pou depòtasyon”. Se konsa, depi 16 oktòb 2018 la, sèvis imigasyon chilyen ouvè yon rejis enskripsyon pou imigran ki vle pwofite de operasyon an.
Kendi Zidor, ki rapòte reyaksyon plan sa a pwovoke, fè konnen kèk imigran ayisyen di, daprè yo, “nouvo plan an se yon mannèv an krapodin, yon mannèv “rasis e anti-etranje” Prezidan Sebastian Pinera ap itilize pou mete resòtisan Ayiti yo deyò. Sou menm dosye a, òganizasyon defans dwa migran ak gwoup ki reprezante kominote ayisyèn nan o Chili, denonse plan an ki endike, daprè yo, yon atansyon espesyal e pèmanan pou sitwayen ayisyen yo, alòske “gen migran espayòl, perivyen ak kolonbyen ki ta byen renmen retounen nan peyi yo tou.”
Atik la presize ayisyen ki aksepte patisipe nan pwogram sa a –ke otorite yo nan Santyago rele “plan imanitè pou yon retou nan lòd”- pa p ka retounen o Chili pazanvan 9 lane; e plan an ouvè ni pou migan ki legal, ni pou sa yo ki ilegal nan peyi a. Pou yon moun ki enterese benfisye òf la (yon vwayaj gratis abò yon avyon militè chilyen), li dwe siyen yon deklarasyon notarye kote li di li gen volonte pou l retounen nan peyi li. Si moun nan ap viv avèk plizyè lòt, li pa p kapab enskri pou kont li; men l ap oblije kite Chili an gwoup.
Daprè estatistik ofisyèl yo, gen yon afè de 160 000 (165 mil) ayisyen ki te antre o Chili ant 2016 e 2017.