Prezidan ayisyen an Jovenel Moise, ki t ap enstale Premye Minis Jean Henry Ceant lendi 17 septanm nan, mande pou nouvo chèf primati-a aktive enstitisyon leta yo, yon fason mennen yon ankèt an pwofondè sou gaspiyaj ki ta fèt ak fon lajan PetroCaribe a. Nap envite suiv deklarasyon lidè ayisyen-an:
Prezidan Moise fè deklarasyon sa a nan moman manifestasyon ap dewoule nan plizyè gran vil peyi a ak nan dyaspora a pou egzije eksplikasyon bò kote ansyen dirijan peyi Dayiti yo sou fason yo te jere Fon Petro Caribe a.