Nan Afrik di Sid, sitwayen yo òganize yon seremoni antèman pou Winnie Mandikizela-Mandela, youn nan pèsonalite ki te pi enpòtan nan mouvman anti-apartheid la e manm palman an depi ane 2009 jiskaske li te mouri pi bonè nan mwa d avril la.
Patizan Winnie Mandikizela yo te rele li "Manman Nasyon an". Li te marye avèk ewo mouvman anti-apartheid la, Nelson Mandela, e li te pale nan non mari li piblikman pandan 27 ane Mandela te pase nan prizon pou akizasyon deske li te monte konplo pou l ranvèse gouvènman an.
Peske 40 mil sitwayen sid-afriken patisipe nan yon sèvis nan memwa Mandikizela-Mandela nan vil natal li, Soweto, yon komin nan Johannesburg. Prezidan peyi a, Cyril Ramaphosa, ki prezante orezon finèb la, deklare :
<< Li te pale ak otorite nan pouvwa a pou l te di yo laverite. Li te pale ak yon vwa byen fò e li pat janm mande eskiz pou sa. >>
Winnie Mandikizela te resevwa anpil konpliman kòm yon militan ki te lite kont sistèm apartheid la e kòm chèfdefil yon kanpay piblik li te lanse pou jwenn liberasyon mari li pandan Nelson Mandela te nan prizon. Sepandan repitasyon li te vin chifonnen aprè li te swadizan komèt kèk abi dwamoun; pou sa lajistis te kondane li "avec sursis" ou sispansyon santans; ansuit, an 1991, li te gen pou peye yon amand poutèt li te mele nan yon operasyon pou atake epi kidnape yon jenn-gason 14 zan ki te te swadizan yon espyon lapolis.