WASHINGTON, DC —
Ozetazini, Presidan Donald Trump ap apiye efò pou lwa federal yo ranfòse tchèk k ap fèt sou moun ki vle achte zam nan peyi a, aprè yon masak ki te dewoule semenn pase a nan yon lise nan Eta Florid kote 17 moun te pèdi lavi yo. Se La Mezon Blanch ki pibliye nouvèl sa a.
Daprè sekretè enfòmasyon Mezon Blanch la, Sarah Hackerbee Sanders, Prezidan Trump te pale semenn pase a avèk Senatè Repibliken Eta Tegzas John Cornyn sou yon lejislasyon palmantè a prepare e ki gen apui tou lè 2 pati yo. Lòt patwon lejislasyon sa a se Senatè Demokrat Eta Connecticut Chris Murphy, ki gen lontan depi l ap defann lide pou gouvènman federal la mete plis kontwòl sou sikilasyon zam nan peyi a.
Konvèsasyon Prezidan an ak Senatè Cornyn te dewoule sou mwayen pou yo amelyore respè règleman konsènan tchèk sou moun k ap achte zam yo. Pati konsène yo kontinye fè negosyasyon sou revizyon ki nesesè yo.