Lidè opozisyon an nan peyi Zimbabwe, Morgan Tsvangirai, nonmen Nelson Chamisa kòm prezidan pwovizwa Mouvman pou Chanjman Demokratik, yon chanjman ki antre an vigè imedyatman.
Pati a fè konnen Chamisa, youn nan 3 vis-prezidan pati a, pwal sèvi kòm prezidan pati a jiskaske Misye Tsvangirai retounen soti nan tretman pou kansè nan peyi vwazen Afrik di Sid.
Pati a fè konnen 2 lòt vis prezidan yo, yo nan Afrik di Sid tou.
Lidè pati MDC a ap fè antre soti lopital depi li te fin revele nan mwa jen ane pase ke li gen kansè nan kolon.