Andrew McCabe, ki te vis direktè FBI (Biwo Ankèt Federal Lèzetazini an) e ki te resevwa kritik an piblik nan men Prezidan Donald Trump poutèt li ta swadizan gen paspouki politik, bay demisyon li plizyè semenn anvan dat li te genyen pou l fè sa nan mwa mas 2018 la, dapre sa yon otorite wo-plase nan FBI fè konnen lendi.
Misye McCabe, ki gen 22 zan depi li t ap travay nan FBI kote li te okipe plas vis direktè a pandan 2 dènye ane yo, te gen plan pou l pran retrèt li nan mwa mas la paske lè sa a li tap gen dwa resevwa tout benefis pansyon li totalman. Men, daprè sa menm ofisyèl la di, Misye McCabe deside pran yon retrèt antisipe a-pati de lendi 29 janvye 2018 la e li pa p retounen nan biwo a ankò.
Ofisyèl la, ki pale a kondisyon pou moun pa site non li- pa bay plis detay. Pandan yon bon ti tan Prezidan Trump ak lidè repibliken yo t ap choute byen fò sou Andrew McCabe poutèt ankèt FBI ap mennen sou yon posib enfliyans Lasiri sou rezilta eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la, sitou paske madanm misye, Jill McCabe -ki te yon kandida malere pou yon plas nan sena ameririken an- te resevwa plizyè santèn milye dola kòm kado nan men yon komite daksyon politik (PAC) ki anba kontwòl yon zanmi ansyen kandida a la prezidans pati demokrat la, Hillary Clinton.