Otorite kominal nan Sodo felisite mouvman Karavann Chanjman Prezidan Jovenel Moise la ki gen pou rive nan Depatman Plato Santral la 7 fevrye 2018 kap vini an.
Dapre otorite yo Karavann Chanjman nan Depatman Sant la pral konsantre sou demare wout agrikòl yo pou depatman an.Majistra Marie Andree Ruth Telus Renick fè kwè responsab kolektivite yo pwal kontinye travay ansanm pou rann Plato Santral tounen vèt ankò.
Majistra Mirebalè a,Lochard Laguerre, anonse antre yon seri materyèl nan vil Mibalè pou derape karavane la..Chak otorite nan sak konsène yo ap fè miz anplas pou sa dapre majistra a.
Prèske chak wikenn, Prezidan Jovenel Moise debake nan yon depatman nan a pou l al sipèvize travay Karavann Chanjman deja reyalize oublyen pou al anonse rive kravann nan, yon pwogram ki dapre chèf leta ap abouti ak devlopman e pwogrè nan domèn agrikòl la. Sepandan, opozisyon politik la pa kwè karavann Chanjman an ap abouti ak anyen kote yo fè kwè se lajan peyi lokatè Palè Nasyonal la ap gaspiye.