Nouvèl ki sòti Jenèv fè konnen Biwo Dwamoun Nasyon Zini an kritike sevèman deklarasyon plen vilgarite ak mo sal prezidan Donald Trump ta fè sou imigran peyi afriken yo ak Ayiti, deklarasyon kote lidè ameriken an ta rele peyi sa yo “peyi salte ak lawont.”
Pawòl swadizan degradan Misye Trump yo sou imigran afriken ak ayisyen yo pwovoke yon tanpèt reyaksyon atravè lemond antye. Rupert Colville, pòtpawòl Biwo Dwamoun l’ONU an, di deklarasyon Misye Trump yo se deklarasyon ki klèman rasis. Misye Colville fè konnen:
<< Ou pa ka deside ke tout yon seri de peyi ak kontinan se “twou salte” kote tout popilasyon an –paske yo pa blan- pa gen dwa vizite peyi ou. Pa le fèt ke daklarasyon an di Lèzetazini ta dwe resevwa sitwayen peyi Nòvèj pito, fè wè klèman ki kote Prezidan Trump kanpe. >>
Nan jounen vandredi 12 janvye 2018 la, Senatè ameriken Dick Durbin (D-Ilinwa) fè laprès konnen mo “peyi twou salte a” se egzatteman pawòl ki te sòti nan bouch Prezidan Donald Trump; e li pa t di mo sa yo “yon sèl fwa, men plizyè fwa”. Daprè Misye Durbin, se pawòl “mounlari, “vilgè’ e “rasis”.
Ann Afrik, Oganizasyon Inyon Afrikèn nan (OUA) deklare deklarasyon Prezidan Trump ta swadizan fè a vrèman eskandalize li. Pòtpawòl la, Madam Ebba Kalondo, fè Ajans Associated Press konnen:
<< Lè w konsidere reyalite istorik ki makònen ak fason anpil Afriken te debake Ozetazini kòm esklav, deklarasyon sa a pa koresponn ditou avèk okenn konpòtman ou pratik aksepte e akseptab. Se yon vrè sipriz pou nou wè kijan Lèzetazini d Amerik rete yon egzanp pou lemond antye, egzanp ki montre kijan migrasyon te debouche sou kreyasyon yon peyi ki bati sou prensip solid tankou prensip divèsite ak opòtinite. >>
Anfen, pou ansyen direktè FBI la, James Comey, reyaji sou swadizan deklarasyon Prezidan Trump la, li site pawol “bienvenue” ki ekri anba Estati La Libète a ki nan antre pò New York la e ki ouvè 2 bra l depi plizyè dizèn dane pou l resevwa imigran:
<< Pote ban mwen sila yo pami nou ki fatige, sila yo pami nou ki pòv, tout mas pèp ki rasanble pil sou pil pou yo chache viv nan libète, tout moun meprize kap rele sou plaj nou yo. Voye yo tout ban mwen: sila ki san kay yo, sila yo ke van-tanpèt fin frape atè… se pou yo tout mwen leve lanp mwen byen wo pou m plase li bò kote pòt d’or la. >> f
Epi Misye Comey ajoute: “Grandè ak gwo jeni peyi sa a repoze sou divèsite li.”
Anfen, nouvèl yo fè konnen otorite ayisyen yo te konvoke Chagé d’Affaires ameriken an nan Pòtoprens, Robin Diallo, pou l bay eksplikasyon sou deklarasyon Prezidan Donald Trump la.