Responsab meterolojik yo ann Ayiti mande popilasyon an pran prekosyon nan moman lapli ap kontinye tonbe nan plizyè Depatman peyi a. Dapre Christnette Saint George k ap travay nan Sèvis Hidrometeroljik la ann Ayiti depatman ki vize yo se Lwès, Sant, Nò, Nòdès, Nòdwès ak Sidès
Nan dapatman Nòdwès peyi a 1 mouri ak plizyè lòt blese se bilan lapli k ap tonbe depi plizyè jou nan Depatman an. Sèvis Pwoteksyon Sivil la di plizyè vil pa kapab konekte ak lòt akoz wout yo koupe ak rivyè yo ki desann.