Minis jistis ameriken an, Jeff Sessions, te prezante, nan jounen madi 14 novanm 2017 la, devan yon komisyon Kongrè a kote li di lap pran kontak avèk avoka gouvènman an pou konnen si li apwopriye pou lajistis ouvè ankèt sou yon seri kesyon palmantè repibliken yo soulve e ki gen rapò ak kandida demokrat ki te an fas Prezidan Donald Trump nan prezidansyèl 2016 la, Hillary Clinton.
Nan seyans depozisyon sa a, prezidan Komisyon Afè Jiridik Chanm dè Reprezantan an, Repibliken Robert Goodiatte repete yon demand li te deja mete devan Misye Sessions nan mwa janvye ak septanm 2017 la: pou l nonmen yon pwokirè espesyal pou mennen ankèt sou pawol ki di te genyen yon konnivans ant responsab kanpay Clinton nan ak Komite Nasyonal Pati Demokrat la konsènan kesyon sa yo:
-Le fèt ke Hillary Clinton te itilize kont elektwonik prive li pandan li te okipe pòs Sekretè Deja;
-Kontribisyon moun te bay Fondasyon Clinton nan;
-Epi le fèt ke yon konpayi gouvèman Larisi a apiye te achte min iranyòm ameriken sou administrasyon Obama a.
Nan temwayaj minis jistis Sessions bay devan komisyon an, li deklare li deja pran dispoziyon nan sans sa a:
<< Kòm repons pou lèt komisyon an ak lòt pati enterese te voye ban mwen, mwen pase lòd pou kèk pwokirè federal wo-plase fè rekòmandasyon sou kesyon pou konnen si lajistis ta dwe mennen ankèt sou kèk dosye ki pa anba ankèt aktyèlman epi di si yon dosye kèlkonk nap konsidere ta merite nominasyon yon komisè espesyal. Kòm nou konnen, enspektè jeneral Depatman Lajistis la ap pase pase an revi aktivman pawol ki di kòmkwa moun tap swiv kòm sa dwa règleman ak pwosedi FBI ane pase a pou fè limyè sou yon seri de kesyon nou soulve la a. Nou va pran yon desizyon sou dosye sa yo san konsidereasyon –nou tande m byen?- san okenn konsiderasyon pou politik, ideyoloji e san patipri.>>
Manm demokrat Komisyon Afè Jiridik Chanm Bas la poze Minis Sessions kesyon pou mande l sa li sonje de kontak responsab kanpay elektoral Donald Trump la te pran ane pase avèk kèk espyon ris, kesyon ki te baze sou nouvèl kòmkwa konseye kanpay Trump la pou afè etranjè, George Papadopoulos, te plede koupab nan kòmansman mwa oktòb la poutèt li te bay ajan federal manti pandan yo tap mennen ankèt sou lyen ki ta egziste ant Larisi avèk responsab kanpay Trump la.