4 sitwayen Kore di Nò, ki kouri kite peyi yo e ki pale ak Lavwadlamerik nan yon mesaj video yo ta renmen voye bay Prezidan Donald Trump, di kisa yo ta renmen wè lidè ameriken fè e deklare pandan yon vizit li pral fè nan Kore di Sid.
Yo fè Lawadlamerik jwenn mesaj sa yo anvan Prezidan Trump te kite Washington vandredi 3 novanm 2017 la pou vizit li pral fè ann Azi a, vizit ki pral mennen li nan Kore di Sid le 7 novanm.
4 mesye sovadò sa yo di yo ta renmen wè Misye Trump chache pran tèt Lachin --sèl alye Kore di Nò rete-- pou fè l sispann arete sitwayen nò-koreyen ki al pran refij lakay li, epi voye yo retounen nan peyi yo.