Rezilta premye tou vòt yo ki dewoule dimanch 11 jen 2017 la montre pati La Republique en Marche la, (LREM) deja pran 32 pousan nan vòt yo. Sa ki pral bay pati prezidan santris fransè a, Emmanuel Macron, yon majorite ekrazant nan Asable Nasyonal la, swa 400 ak 440 plas nan Chanm Bas la ki gen 577 chèz.
Malgre nouvèl yo rapòte 52 pousan nan popilasyon fransèz la te chita lakay yo ki vle di yo pa tal vote an grand kantite, rezilta sa yo montre toutfwa yon gwo sipò pèp la pou Prezidan Macron.
Anpil nan votè pati goch la fè konnen yo vote pou kadida santris yo yon fason pou bay Marine Le Pen yon kanpe lwen. Marine Le Pen, kadida pati Dwat Fwon Nasyonal la te pèdi eleksyon prezidansyèl la devan kandida Emmanuel Macron mwa Me pase a.
Premye Minis fransè a, Edouard Philippe deklare, "Rezilta sa yo se yon siy klè ki montre pèp la apiye politik Prezidan Macron an." Dezyèl tou eleksyon Lejislatif la fikse pou dimanch pwochen.