Sekretè Deta ameriken an, Rex Tillerson, deklare Lèzetazini ak Meksik “se 2 peyi fò ki detanzantan kapab genyen ti pwoblèm; men chita-tande mwen te genyen jodi a avèk otorite yo nan vil Meksiko, se rankont ki te pwodiktif e ki te santre sou avni relasyon ant 2 peyi nou yo.”
Chèf diplomasi Lèzetazini an pale konsa nan yon konferans pou laprès li bay jedi 23 fevriye 2017 la nan kapital Meksik la ansanm avek tokay meksiken li a, Luis Videgaray ki, bò kote pa l, deklare:
“2 pati yo genyen gwo diferans antre yo; e pi bon mwayen pou nou rezoud diferans sa yo, se gras ak dyalòg.”
Sekretè Deta Tillerson te genyen avèk li Minis Sekirite Teritoryal Lèzetazini an, John Kelly, nan vizit sa a ki te santre sitou sou mwayen pou otorite 2 peyi yo rive diminye kè-sote ak mekotantman moun genyen akoz politik nouvo gouvènman ameriken an vizavi peyi Meksik.
Chèf diplomasi amerikèn nan fini pa di li-menm ak Misye Kelly te abòde ak otorite meksiken yo defi ak opòtinite ki genyen nan relasyon ant Lèzetazini avèk Meksik.