Accessibility links

 
Larisi ak Siri Pwolonje Seselfe a nan Vil Alèp pou yon Lòt Jounen
Breaking News

Larisi ak Siri Pwolonje Seselfe a nan Vil Alèp pou yon Lòt Jounen


Baraghedeh ak Kafr-Ghan nan al-Rail, nò vil Alèp, peyi Siri, Oct.10, 2016.
Baraghedeh ak Kafr-Ghan nan al-Rail, nò vil Alèp, peyi Siri, Oct.10, 2016.

Larisi fè konnen li bay lòd pou pwolonje yon pòz imanitè nan vil Alèp nan Siri pou 24 è anplis.

Siri ak Larisi sispann frap aeryen sou Alèp depi madi 18 oktòb 2016 la, e pòz nan batay yo gen pou l bout a 7 è aswè a nan lè Alèp.

Nan kad seselfe a, lame siryen an ouvè 8 koridò pou sivil ka kite vil la san danje. 2 nan koridò sa yo ouvè pou konbatan rebel ki vle depoze zam yo e kouri; youn nan koridò yo mennen nan Turki, e lòt la ale nan pwovens Idlib ki anba men rebel yo.

XS
SM
MD
LG