Ozetazini, kandida pou pòs Prezidan an, demokrat Hillary Clinton ak repibliken Donald Trump, repran wout kèk Eta ki reprezante channbatay politik kote chak nan yo dwe make bon jan pwen si li vle ranpòte eleksyon 8 novanm 2016 la.
Madan Clinton ap mennen kanpay nan New Hampshire, nan nòdès peyi a, ansanm ak yon ansyen rival li nan kous pou nominasyon Pati Demokrat la, Senatè Eta Vermont Bernie Sanders, pandan l ap chache atire jèn yo ki te mache dèyè Sanders pandan kanpay pou eleksyon prime a.
Pititfi Madanm Clinton nan, Chelsea Clinton, ap mennen kanpay pou manman li nan Eta Kawolin di Nò ki enpòtan anpil tou; se yon Eta kote Madan Clinton ak Misye Trump deja òganize divès meeting de mas pandan kanpay la.
Prezidan Obama ap mennen kanpay pou Madan Clinton nan yon lòt eta enpòtan, Pennsylvani, nan lès peyi a, kote l ap fè eskal nan 2 pi gwo vil yo: Filadèlfi ak Pittsburg.
Yon 3èm kandida, Gary Johnson, reprezantan Pati Libète a, ekri yon editoryal nan jounal New York Times kote li di Lèzetazini li konnen an pa t prezan nan deba Hillary Clinton te fè ak Donald Trump nan sware jounen lendi 25 septanm pase a. Misye Johnson pale konsa pou l atire atansyon sou le fèt ke komite òganizatè deba yo pat kite l patisipe nan fas-a-fas la paske sondaj yo montre li pa gen to popilarite minimum ki nesesè pou sa.