Gouvènman kolonbyen an ak gwoup rebel FARC (Fòs Zame Revolisyonè Kolonbi a) gen pou siyen yon akò lapè ofisyèl lendi 26 septanm 2016 la nan vil Katajèn, sou kòt karayib peyi a, pou mete fen nan konfli ame ki dire pi lontan sou kontinan ameriken an. Akò sa a genyen pou l pase yon dènye kap anvan pou l antre an aplikasyon.
Vrèmanvre, nan mwa jen pase a, prezidan kolonbyen an, Juan Manuel Santos, ak lidè FARC la, Timoleon Timochenko Jiménez, te mete yo dakò pou yo siyen akò a pou mete fen nan yon gè sivil ki la depi 52 zan.
Aprè siyati akò a, dokiman an gen pou l jwenn apwobasyon pèp kolonbyen an nan yon referandòm ki fikse pou 2 oktòb kap vini la a. Prezidan ameriken an, Barack Obama --ki tap reyaji sou devlopman pozitif sa a nan Kolonbi-- deklare li gen espwa akò a pral antre an aplikasyon. Prezidan Obama di :
“Mwen panse se yon reyalizasyon ki genyen yon dimansyon istorik. A la fen dè fen, se pral yon bon bagay pou rejyon an e pou pèp Kolonbi a. Sa te mande anpil kouray e anpil moun te travay di pou sa.”
Plis pase 220 mil moun te pèdi lavi yo pandan gè sivil la nan Kolonbi tandiske li te oblije plis pase 7 milyon moun kite rejyon kote yo tap viv la. Nan nimewo jounal kolonbyen El Tiempo pibliye lendi a, li ekri an premyè paj pou l di: "La paz luego de 267 mil 162 muertos."--- Sa vle di: "Finalman lapè aprè 267 mil 162 mò."
Anpil chèf deta ak chèf gouvènman ak lòt diyitè etranje -pami yo genyen Sekretè Deta ameriken an, John Kerry-- fè deplasman an pou yo asiste seremoni siyati akò a nan sant konvansyon vil Katajèn nan. Daprè akò a, lidè wo-plase nan FARC yo ka evite prizon si yo bay viktim yo reparasyon nan kad yon pwosesis lapè ak rekonsilyasyon. Si FARC respekte kondisyon sa a, lap tounen yon pati politik lejitim e lap gen reprezantan li nan Kongrè kolonbyen an.