Accessibility links

Breaking News

Eleksyon Dewoule nan Siri nan Endiferans Opozisyon an ak Kominote Entènasyonal la


Nan Siri, elektè yo ap vote lendi 7 me a pou yo chwazi manm yon nouvo palman nan premye eleksyon ak plizyè pati ki dewoule nan peyi a.

Militan opozisyon yo konsidere eleksyon sa a kom mannèv Prezidan Bashar al-Assad ap fè pou l kenbe pouvwa a.

Otorite yo chante lwanj pou vòt la ki, daprè yo menm, reprezante yon gwo pa an avan sou wout refòm.

Sitwayen siryen ki kont rejim Assad la boyikote vòt la. Opozisyon an, k ap fonksyone ann egzil, ak plizyè peyi ki mande msye Assad kite pouvwa a, pa bay eleksyon an okenn enpòtans ; yo di se yon lòt jefò gouvènman an ap fè pou l fè tan pase.
XS
SM
MD
LG