Prezidan fransè a, François Hollande, rive ann Ayiti madi 12 me 2015 la nan tèt yon delegasyon ki gen ladan n kèk manm gouvènman li a, òmdafè avèk jounalis. Konsa, Misye Hollande tounen 2èm lidè fransè ki ale ann Ayiti aprè Nicolas Sarkozy te vite Pòtoprens aprè tranblemanntè janvye 2010 la.
Pandan sejou li nan kapital Ayiti a, Pòtoprens, Prezidan Hollande ap rankontre avèk Prezidan Michel Martelly, Premye Minis Evans Paul, lòt otorite gouvènman an, kèk manm kominote fransèz la ann Ayiti, epi –antwòt aktivite- li pral fè yon vizit nan Mize Panteyon Nasyonal la (MUPANA) kote li va rann omaj pou ewo endepandans nasyonal d’Ayiti yo.
Minis Kominikasyon ayisyen an, Rotchild Francois Jr. -ki se an menm tan pòtpawòl gouvènman an- di otorite yo pran tout dispozisyon ki nesesè pou vizit Misye Hollande la byen pase. Pandan li tap reponn yon kesyon Lavwadlamerik, Misye François fè konnen gouvènman ayisyen an pran nòt deklarasyon Prezidan fransè a fè kote li di : "Lè mwen va rive Ayiti, mwen menm, bò kote pa m, mwen va regle dèt nou genyen an. "
Pou analis politik Robert Bénodin, ki baze nan vil Orlando, nan sant Eta Florid, Lafrans genyen anvè Ayiti plis ke yon dèt moral ou senbolik ; se " yon dèt finansye, se yon dèt lajan Lafrans genyen pou Ayiti." Misye Benodin tap fè referans ak yon sòm lajan ki depase 17 milya euro (lajan aktyèl) Ayiti te gen pou peye Lafrans nan 19èm syèk la pou gouvènman Wa Charles 10 te rekonèt endepandans Ayiti.
Bò kote pa li, ekonomis Harry Fouché, ki baze nan Chicago nan Eta Ilinwa, fè konnen gouvènman ayisyen an kapab pwofite de vizit Prezidan Hollande la pou l chache ranfòse kowoperasyon ant Ayiti ak Lafrans nan divès domèn, sitou nan domèn ekonomik la ak domèn kiltirèl la.