Accessibility links

Breaking News

Prezidan Michel Martelly Asiste “Dejene Priyè Nasyonal la“ -National Prayer Breakfast- nan Washington, DC.


Prezidan Barack Obama ki tap pale nan okazyon 62èm Dejene Priyè Nasyonal la (National Prayer Breakfast) nan Washington, DC. (Foto: Jedi 6 fevriye 2014).
Prezidan Barack Obama ki tap pale nan okazyon 62èm Dejene Priyè Nasyonal la (National Prayer Breakfast) nan Washington, DC. (Foto: Jedi 6 fevriye 2014).
Prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly, kap fè yon vizit ofisyèl Ozetazini, patisipe nan matine jounen Jedi 6 fevriye 2014 la nan yon evennman ki dewoule chak ane nan Washington : se sa otorite ameriken yo rele National Prayer Breakfast –swa yon dejene priyè nasyonal ki fèt nan vil Washington, kapital federal Lèzetazini an, pou mande benediksyon Gran Mèt la pou travay administrasyon an an patikile e pou byenèt pèp ameriken an an jeneral.

National Prayer Breakfast la -ki rive ane sa a sou 62èm edisyon li- se yon opòtinite tou pou otorite Lezetazini yo pase an revi relasyon peyi a ak rès mond la e tou espesyalman jete yon kout-je sou sitiyasyon an nan lemond epi chache wè kijan peyi rich yo kapab ogmante asistans yap bay peyi pòv yo.

Se yon okazyon tou pou envite yo swiv an dirèk yon evalyasyon ofisyèl rapò Lèzetazini ak divès peyi nan lemond. Pami envite sa yo, genyen an jeneral manm Kongrè ameriken an, manm kò diplomatik la ki akredite nan Washington, anbasadè nan l'OEA ak Nasyon Zini, Prezidan ak Premye Minis, epi pèsonalite etranje ki gen gwo renome...

Klike sou “Koute” pou w tande avoka ameriken Phillip Berns ki ede nou konprann pi byen tradisyon ameriken sa a, Dejenè Priyè Nasyonal la, ki dewoule ane sa a an prezans prezidan ayisyen an, Michel Martelly, ak lòt envite espesyal nan Otèl Hilton, nan Washington, DC.
XS
SM
MD
LG