Accessibility links

Breaking News

Mandela : Yon Model pou Jenès Ayisyèn


Tout Afrik di Sid ap priye pou retablisman ansyen prezidan sidafriken Nelson Mandela ki twouve l depi samdi 8 jen an nan yon lopital nan vil Pretoria kote l ap resevwa swen entansif pou yon enfeksyon nan poumon---yon pwoblèm ki toujou ap sakaje l depi kèk ane.

Responsab medikal yo presize eta sante ewo mouvman anti-Arpatheid la trè grav , men kondisyon l stab. Nan moman sa a , Junior Cenanfils, yon jèn ki enplike nan mouvman mas popilè nan peyi Dayiti, di Nelson Mandela reprezante yon modèl pou jenès ayisyèn nan .

Li ajoute menm klas politik la nan peyi Dayiti te kapab enspire l nan kouraj ak nan vizyon Mesye Mandela.

Klike sou ikon agoch la pou koute yon edisyon Fowòm Jèn kote Jacquelin Belizaire resevwa kòm envite Junior Cenanfils , yon jèn k ap bay opinion sou pi gran lidè Afrik di Sid la, Nelson Mandela.
XS
SM
MD
LG