Accessibility links

Breaking News

Palman Ayisyen an Espere Resevwa Lwa Elektoral la Anvan Lontan


Preparations underway as Haiti is set to hold presidential elections on Sunday.
Preparations underway as Haiti is set to hold presidential elections on Sunday.
Palman ayisyen an atann ni aske Kolèj Tranzitwa Konsèy Elektoral la fin prepare lwa elektoral la anvan fen mwa me 2013 la pou soumèt li devan pouvwa lejislatif la nan kòmansman mwa jen an, si pou eleksyon dewoule anvan fen ane 2013 la nan peyi a.

Se kèk nan pwen nan aktyalite a ann Ayiti Lyonel Desmarattes abòde avèk korespondan nou Clarens Renois ki touche tou dosye sa yo :

-Labank Mondyal ofri Ayiti yon asistans 90 milyon dola pou ede peyi a amelyore sitiyasyon sante popilasyon an; yon pati nan lajan sa a pral sèvi pou kore sektè ti biznis la epi kreye travay nan peyi a.

-Premye Minis Laurent Lamothe ap kontinye yon vizit 5 jou nan Brezil kote li fè divès rankont ofisyèl sou mwayen pou ranfòse kowoperasyon kap fèt nan divès domèn ant Brazilia avèk Pòtoprens.

-8 jou aprè enkoni te touye 5 moun nan Pòtoprens -pami viktim yo te genyen 2 polisye- sitiyasyon sekirite a sanble konnen yon ti amelyorasyon, puiske laprès pa rapòte okenn nouvo ka --menmsi sa pa vle di bandi yo fè yon kanpo sou aktivite yo.

Otorite lapolis anonse yo pran dispozisyon pou yo fè fas avèk kriminèl yo.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute entèvyou Clarens avèk Lyonel.
XS
SM
MD
LG