Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini ak Peyi Turki Pran Menm Pozisyon sou Sitiyasyon an nan Siri


Prezidan Barack Obama (adwat) ak Premye Minis turk la, Recep Tayyip Erdogan, nan yon konferans pou laprès yo bay ansamm nan Washington jedi 16 me 2013 la.
Prezidan Barack Obama (adwat) ak Premye Minis turk la, Recep Tayyip Erdogan, nan yon konferans pou laprès yo bay ansamm nan Washington jedi 16 me 2013 la.
Prezidan Barack Obama ak Premye Minis peyi Turki a, Recep Tayyip Erdogan ki tap fè yon vizit ofisyèl nan Washington, bay yon konferans pou laprès jedi 16 me 2013 la, kote yo fè konnen yo dakò pou rekonèt nesesite pou Prezidan Bashar al-Assad pati kite Siri pou yon tranzisyon politik fèt nan peyi sa a.

2 lidè yo -ki te pale ak laprès aprè yon te fè yon rankont nan La Mezon Blanch- diminye enpòtans diferans ki ta egziste antre yo sou dosye siryen an, pou yo ensiste pito sou nesesite pou yo kenbe presyon an sou rejim Assad la, pandan yap apiye opozisyon an. Prezidan Obama prezante konpliman l bay Misye Erdogan poutèt li te toujou pran tèt efò kap fèt pou tabli demokrasi nan Siri; lidè ameriken an fè konnen peyi Turki genyen yon gwo wòl pou l jwe sou dosye sa a nan semèn kap vini la yo. Prezidan Obama di:

“Nou tou lè 2 dakò pou n di Assad dwe pati. Li dwe kite pouvwa a bay yon enstisyon kap asire tranzisyon an. Se sèl fason nou pral kapab rezoud kriz sa a. Nou pral kontinye travay pou yon Siri ki libere anba tirani rejim Assad la ; yon Siri ki ini e ki mete tout gwoup etnik, tout gwoup rasyal e relijye peyi arebò tab la; yon Siri ki reprezante yon sous stabilite e non pa yon sous aktivite ekstremis; paske, se yon bagay ki nan enterè tout peyi nan rejyon an e tou espesyalman peyi Turki.

Bo kote pa l, Premye Minis Erdogan pale pou l di peyi li ak Lèzetazini genyen menm opinyon sou sitiyasyon an nan Siri. Li atire atansyon sou nesesite pou larivyè san an sispann koule nan peyi a e pou Siri genyen yon nouvo gouvènman. Lè yon jounalis te mande chèf gouvènman turk la kijan li imajine evolisyon lagè sivil la nan Siri si Lèzetazini pa ogmante patisipasyon li nan efò pou chanje sitiyasyon an nan peyi, li te bay repons sa a :

« Jan ou pale la a, ou wè vè a amwatye vid. Mwen menm, mwen pito pale de yon vè ki amwatye ranpli. Sa n ta renmen wè, se pou kominote entènasyonal la montre plis enterè nan sitiyasyon an nan Siri, plis enterè pou sa ki pral pase nan peyi sa a. An tan ke yon nasyon, Laturki ap fèt tout efò li pou kominote entènasyonal la ouvè je l plis sou Siri; e m kwè se sa Lèzetazini ap fè tou. »

Lè laprès te mande Misye Erdogan eske gouvènman l nan gen prèv belijeran yo te itilize zam chimik nan gè sivil la nan Siri, li reponn pou l di «si sa te rive e si peyi m nan genyen enfòmasyon konsa, li deja pataje yo ak tout lòt peyi kap travay sou dosye a, san bliye Lèzetazini. » Sou pwen sa a jisteman, yon jounalis te raple Prezidan Obama le fèt ke gouvènman l nan te di, si rejim Assad la itilize zam chimik nan lit kont mouvman rebèl la, se tap dènye goutdlo ki tap chavire vè a ; se tap kwa rejim Assad la pa dwe pile a, e Lèzetazini tap pase alaksyon imedyatman. Misye Obama reponn pou l di:

« Itilizasyon zam chimik se yon bagay ki pa dwe nan ekwasyon an ; sa pa fè pati jwèt la menm, daprè sa mond sivilize a rekonèt. Pandan nap rasanble plis prèv e pandan nou kontinye travay ansanm, entansyon mwen se fè tout sa nou kapab pou n mete devan kominote entènasyonal la tout lot rezon nou genyen pou n mete plis presyon sou rejim Assad la. »
XS
SM
MD
LG