Accessibility links

Breaking News

Prezidan Michel Martelly Satisfè Aprè 2 Zan sou Pouvwa a


Prezidan Michel Martelly te nan tèt yon meeting de mas ki dewoule sou channmas la, nan Pòtoprens, madi 14 me 2013 la, pou l make 2èm anivèse prestasyon sèman li kòm Chèf Deta Ayisyen. Se youn nan evennman gouvènman an te mete sou pye nan okazyon an.

Nan yon entèvyou Misye Martelly bay korespondan nou Rotchild François Jr, li pale de reyalizasyon ekip gouvènmantal la akonpli pandan 24 dènye mwa yo, menm jan li touche defi ki devan peyi a toujou. Li lanse apèl bay ansyen lidè ayisyen yo (tankou Jean Claude Duvalier ak Jean-Bertand Aristide) pou l mande yo pote kontribisyon yo nan efò lap fè pou l tabli estabilite nan peyi a epi travay pou pwogrè nasyon an.

Youn nan gwo defi Ayiti ap konfwonte, daprè Michel Martelly, se pwoblèm chomaj la, yon pwoblèm gouvènman an –menmsi se li ki bay plis travay nan peyi a- “pa kapab rezoud poukont li”. Lidè ayisyen an reponn kritik kap poze kesyon pou mande kisa gouvènman an fè ak lajan taks yon dola 50 ameriken li pran sou apèl telefonik ak transfè lajan ayisyen kap viv nan dyaspora a fè nan direksyon Ayiti.

Prezidan an di moun kap poze kesyon sa yo manke enfòmasyon -enfòmasyon yo kapab jwenn swa nan Bank Nasyonal d Ayiti, swa nan Depatman Edikasyon Nasyonal.

Kllike sou ikon ki agoch la pou w koute kèk ekstrè yon entèvyou Prezidan Martelly bay korespondan nou Rotchild Francois Junior
XS
SM
MD
LG