Accessibility links

Breaking News

Atak Teworis nan Irak - Bilan 9 Moun Pou Piti Mouri


Residents inspect a damaged vehicle at the site of a bomb attack in Kirkuk, 250 km (155 miles) north of Baghdad, March 29, 2013.
Residents inspect a damaged vehicle at the site of a bomb attack in Kirkuk, 250 km (155 miles) north of Baghdad, March 29, 2013.
Nan Irak, 9 moun pou pi piti pèdi lavi yo e plizyè douzèn lòt blese aprè yon kamikaz te fè yon gwo kamyon petwòl eksploze devan yon seri biwo gouvènman an nan vil Tikrit, vil natal defen lidè peyi a, Saddam Hussein (Tikrit sitiye sou yon distans 150 kilomèt o nò kapital la, Bagdad).

Daprè nouvèl yo, pifò nan moun ki peri nan eksplozyon an se polisye ak etidyan. Ensidan an pwovoke andedan lokal la yon kokenn dife ki detwi an pati plizyè batiman. Jiskaprezan, pèsonn pako pran responsabilite pou atak la.

Sepandan, yon temwen ki t ap pale sou yon estasyon televizyon ki se pwopriyete opozisyon an nan Irak, fè konnen eksplozyon an sanble gen rapò ak yon efò kap fèt pou jwenn liberasyon prizonye ki fèmen nan yon pòs polis ki andedan enstalasyon gouvènmantal kote ensidan an rive a.
XS
SM
MD
LG