Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Plase Wòkèt li an Pozisyon Pou l Frape Lèzetazini


Etidyan inivèsitè ak pwen yo anlè pandan yo tap defile sou Plas Kim Il Sung nan anba lavil Pyongyang, Kore di Nò (29 Mas 2013).
Etidyan inivèsitè ak pwen yo anlè pandan yo tap defile sou Plas Kim Il Sung nan anba lavil Pyongyang, Kore di Nò (29 Mas 2013).
Nan Pyongyang, kapital Kore di Nò, medya leta a fè konnen lidè peyi a, Kim Jong Un, pase lòd pou lame prepare wòkèt pou frape tèritwa Lèzetazini ak baz li genyen a letranje, aprè 2 avyon bonbadye ameriken te patisipe nan egzèsis nan Kore di Sid.

Daprè ajans santal nouvèl nò-Koreyen an, Misye Kim pase lòd pou lame mete tout yon seri de wokèt an « stand-by », sètadi pare pou lansman vandredi 29 mas 2013 la, aprè li te fè yon rankont dijans nannuit la avèk kòmandan wo-plase lame a.

Nan menm jounen vandredi a, otorite yo òganize yon gwo meeting (rasanbleman politik) sou plas Kim Il Sung nan, nan Pyongyang, kote plizyè milye sitwayen nò-koreyen montre solidarite yo ak lidè Kim. Pandan manifestasyon sa a tap dewoule, yon pòt-pawòl militè fè konnen lame nò-koreyèn nan pare pou elimine tout bonbadye estratejik B-2 ameriken ak sou-maren Lèzetazini, yon fwa yo ta fè yon mouvman.

Ozetazini, minis defans Chuck Hagel, ki tap reyaji sou sitiyasyon an jedi 28 mas la, fè konenn Kore di Nò ta dwe konpann ke tout menas yon peyi fè pou l atake yon lòt, se yon bagay danjre. E li defann desizyon Lèzetazini te pran pou l voye avyon B-2 nan rejyon Preskil Kore a. Misye Hagel di :

“Lidè Kore di Nò yo te ka chwazi yon lòt fason pou yo anvizaje lavni ; paske, fason yap aji la a, se pa yon fason yo ta dwe aji pou yo prepare lavni. Sa poze pwoblèm sekirite ke nou dwe rezoud, pandan nap pwoteje enterè ki makònen ak angajman nou e ak sekirite nou. Alòs, mwen pa kwè, pa le fèt ke nou voye avyon yo laba a, nou poze okenn aksyon ekstrawòdinè, ni komèt yon pwovokasyon; menm jan mwen pa kwè aksyon sa yo depase limit misyon nou genyen pou n pwoteje enterè nou. »

Nan Moskou, minis Afè etranjè a, Sergei Lavrov, lanse avètisman pou l di tansyon kap monte sou preskil Kore a kapab debouche sou sa l rele yon «cercle vicieux » e li mande pati konsène yo mete dlo nan diven yo. Misye Lavrov ajoute ogmantasyon aktivite militè nan zòn nan bay Larisi gwo preokipasyon -se yon fason pou l lonje dwèt sou egzèsis militè Lèzetazini ap fè ak Kore di Sid.

Anfen, analis yo di yo pa kwè Kore di Nò gen kapasite pou l enstale yon ojiv nikleyè sou yon misil; sepandan anpil nan peyi vwazen yo gen kè-sote, paske se yo kap viktim si Kore di Nò itilize zam konvansyonèl.
XS
SM
MD
LG