Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Prezidan Michel Martelly aprè Lanmò Hugo Chavez


Yon patizan Prezidan Hugo Chavez ap kriye pandan li kenbe nan men li yon siyn ki di an Espayòl "Mwen se Chavez," sou Plas Bolivar la, nan Caracas- 5 mas 2013.
Yon patizan Prezidan Hugo Chavez ap kriye pandan li kenbe nan men li yon siyn ki di an Espayòl "Mwen se Chavez," sou Plas Bolivar la, nan Caracas- 5 mas 2013.

Daprè yon nòt-pou-laprès ki sòti nan biwo kominikasyon prezidans la nan Pòtoprens, Prezidan Michel Martelly eksprime tristès li apre lanmò Prezidan Venezuelyen an Hugo Chavez, Madi 5 Mas 2013 la, apre yon long maladi.

Lidè ayisyen an rann omaj pou yon gwo zanmi Ayiti ki pat rate yon okazyon pou l montre solidarite l ak pèp ayisyen an nan moman difisil yo. Prezidan Michel Martelly fè konnen Prezidan Chavez, gras ak pwogram PetroCaribe a, te kontribye nan ekzekisyon plizyè chantye sou teritwa ayisyen an.

Nan sikonstans penib sa a Prezidan Martely, nan non pèp ayisyen an, voye kondoleyans sensè li bay pèp Venezuelyen an ak fanmi defen Prezidan Hugo Chavez.
XS
SM
MD
LG