Accessibility links

Breaking News

Ouvèti Sesyon Anyèl Asanble Jeneral l’ONU nan New York


Lidè divès peyi nan le mond pral kòmanse reyini nan New York, madi 25 septanm 2012 la, pou ouvèti sesyon anyèl Asanble Jeneral Oganizasyon Nasyonzini an.

Nan moman Nasyon Zini ap prepare l pou l resevwa diyitè mondyal yo nan katye jeneral li, lidè yo ap pare pou yo fè fas ak yon kriz finansye kap kontinye ann Ewòp epi konfli ame kap dewoule ann Afrik e nan peyi Siri.

Sekretè jeneral Nasyon Zini an, Ban Ki-Moon, di jounalis yo vyolans kap devlope nan peyi Siri kote plis pase 20 mil moun mouri e plizyè milyon lot nan nesesite pou yo ta resevwa asistans imanitè, pral kenbe atansyon li pandan dewoulman Asanble Jeneral la.

Misye Ban di: " Mwen pral gen rankont bilateral avèk plis pase 120 lidè fwa sa a. Siri pral nan tèt kalandriye mwen. Mwen kwè sitiyasyon an nan peyi sa a pral reprezante prensipal preyokipasyon chak lidè. Donk, nou gen pou n abòde kesyon an sa a an tout ijans."

Mekredi 26 septanm nan, Konsèy Sekirite Nasyon Zini an pral fè yon rankont nan wo nivo avèk reprezantan Lig Arab la; rankont ki ka ouvri pòt la pou diskisyon fèt sou sitiyasyon an nan Siri.

Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, pral prezide yon rankont tou sou bezwen imanitè ki poze nan peyi sa a.
XS
SM
MD
LG