Accessibility links

Breaking News

Apèl Sekretè Jeneral Ban Ki-moon pou Lapè Tounen nan Siri


Pi gwo ajans defans dwamoun nan Oganizasyon Nasyon Zini an, Konsèy Dwamoun l’ONU an, ap òganize yon rankont dijans vandedi premye jen 2012 la, nan vil Jenèv, nan peyi Laswis, pou manm yo pale de asasina pa bann e pa pakèt ki te fèt sou gason, fanm ak timoun sa pa gen lontan nan rejyon Houla, nan peyi Siri.

Sekretè jeneral l ONU an, Ban Ki-moon, te abòde dosye a jedi 31 me 2012 la, pandan li te nan peyi Tiki. Li fè konnen obsèvatè l ONU yo te byen plase pou yo te wè sa k pase a.
Misye Ban pale pou l di :

"Obsèvatè nou yo reprezante je ak zorèy kominote entènasyonal la. Nou la pou n pran nòt sou zak vyolans kap fèt yo e pou n denonse sa, dekwa pou moun ki komèt krim yo reponn pou move zak yo. Se sa egzakteman nou fè aprè masak ki te dewoule nan rejyon El-Houla vandredi pase a ; nou baze rapò nou sou prèv ki klè e ki san patipri."

Menm jedi a, otorite Nasyon Zini ak Etazuni leve lavwa pou yo atire atansyon sou sitiyasyon imanitè a kap degrade plis chak jou nan peyi Siri.
XS
SM
MD
LG