Kongrè ameriken an mande eksplikasyon sou sa laprès konsidere kòm eskandal ki pete anndan adminitrasyon Obama a, tankou yon swadizan vyolasyon libète laprès ak vyolasyon dwa kèk gwoup endepandan poutèt yo ta pran pozisyon kont pwogram gouvènman an.
Akizasyon ki pale de vyolasyon libète laprès la atire atansyon sou le fèt ke depatman Lajistis Lèzetazini an te pran desizyon pou l sezi dosye apèl telefonik plizyè dizèn anplwaye ajans nouvèl Associated Press san mete responsab ajans la okouran davans; epi pawòl ki pale de vyolasyon dwa gwoup endepandan yo fè referans ak desizyon kèk biwo nan IRS (Direksyon Jeneral Enpo Lèzetazini an) te pran pou l mennen ankèt sou lajan gwoup sa yo te ranmase pou ede kanpay elektoral kèk kandida epi poze yo kesyon ilegal sou sous kontribisyon yo te resevwa.
Senatè Mitch McConnel, yon repibliken Eta Kentucky e lidè minorite a nan Chanm Wòt la, lonje dwèt sou administrasyon Obama a pou l di li manke tranparans. Palmantè a mande pou kongrè a konvoke tout moun ki ta mele nan afè IRS la e poze yo kesyon sou responsablite yo nan afè sa a. Sanatè McConnnel di:
“Nou gen responsablite vizavi pèp ameriken an pou n chache konnen sa k pase la a, pou n fè tout limyè sou eskandal sa a, fè moun ki responsab yo rann kont pou sa. Nou dwe vini ak gadfou pou n evite sa repete epi ale de lavan; paske, jan prezidan an te di sa yè --e li gen rezon-- yon jou se yon repibliken kap nan La Mezon Blanch; lè sa rive, eleman liberal sou echikye politik la ap bezwen konnen eske gouvènman an pa pral arase yo, si yo gen odas pran pozisyon kont gouvènman an.”
Madi 14 me a, minis jjstis ameriken an, Eric Holder, te bay yon konferans pou laprès sou seri eskandal yo. Li pale de rezon ki fè otorite yo te deside sezi dosye apèl telefonik anplwaye ajans nouvèl Associated Press yo. Li di yo tap mennen ankèt sou yon fuit ki te fèt sou yon operasyon sekrè Lèzetazini tap mennen nan peyi Yemèn pou dejwe yon atak teworis; e fuit sa a te pèmèt ajans AP ekri yon atik sou operasyon an. Misye Holder, ki tap reponn kesyon yon jounalis konsènan desizyon depatman jistis la nan ka sa a, deklare :
« Sete yon fuit trè serye, trè-trè serye. Mwen se yon avoka akizasyon depi 1976. E mwen kapab di se youn nan fuit ki pi grav –si se pa li ki pi grav la; an tou ka, mwen plase li pami 2 oubyen 3 fuit ki pi grav mwen janm konstate. Li te mete pèp ameriken an an danje; e sa, se pa yon senp sipozisyon. »