Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Pare Pou l Ede Finanse Pwosesis Elektoral la Ann Ayiti


Madam Pamela Ann White, Diplomat ameriken e Anbasadè Etazini nan peyi Dayiti. Sous: Depatman Deta
Madam Pamela Ann White, Diplomat ameriken e Anbasadè Etazini nan peyi Dayiti. Sous: Depatman Deta
Anbasadè Ameriken an nan Pòtoprens, Pamela White, di Lavwadlamerik peyi li pral ede finanse òganizasyon eleksyon senatoryal pasyèl e rejyonal ki sipoze dewoule pi ta ane sa a nan peyi Dayiti. Madam White fè deklarasyon sa a nan yon entèvyou avèk anvwaye espesyal Sèvis Kreyòl la, Jean Robert Phillippe, kap kouvri Somè peyi karayib yo nan kapital ayisyen an, Pòtoprens.

Eleksyon yo, ki an reta anpil sou kalandriye nòmal la, te dwe dewoule depi plis pase 1 an deja... e ane kap vini an genyen yon lòt echeyans elektoral kap tann responsab ayisyen yo, asavwa renouvèlman syèj senatè ki gen manda yo ap bout nan ane 2014 la--yon operasyon kap koute lajan.

Dapre estimasyon yo, eleksyon ane sa a kapab koute jiska 40 milyon dola --yon kòb gouvènman ayisyen an pa dispoze. Semèn pase (19 avril pi presizeman) chèf gouvènman an, Laurent Lamothe, te di, nan emisyon lib tribin Dyaloge ak Etazini Lavwadlamerik la: "Ayiti dispoze 10 milyon dola pou finansman eleksyon an"--yon deklarasyon ki montre peyi a pral bezwen omwen 30 milyon dola anplis pou òganizasyon vòt la. An de mo twa pawòl, gouvènman ayisyen an, yon fwa ankò, oblije jwenn konkou peyi donatè yo, an patikilye Lèzetazini.

Chèf misyon diplomatik Lèzetazini an nan Pòtoprens di Jean-Robert Phillipe: "Etazini apiye pwosesis elektoral la e lap ede Ayiti nan divès nivo. Washington bay enstitisyon elektoral la plis pase 1 milyon 500 mil dola e plis 4 milyon 600 mil dola pou Fon peyi Donatè Nasyonzini kap travay ak Ayiti nan domèn eleksyon".

Lè J. R. Philippe mande anbasadè White: "Eske peyi donatè yo pa fatige kontribye tout tan nan òganizasyon eleksyon nan peyi Dayiti?", diplomat la di li pa kwè donatè yo fatige. Sepandan, li fè remake pa gen peyi ki posede yon "ja kote y'ap foure men yo tout tan pou yo pran lajan" e se pou sa li kwè Ayiti ta dwe amande manman lwa li a pou l repanse echeyans eleksyon yo nan peyi a".

Anbasadè Pamela White ajoute, malgre reta kalandriye a, si responsab yo pibliye lwa elektoral la nan mwa jen an ap rete yon tan rezonab toujou pou eleksyon yo ta dewoule anvan fen ane 2013 la; men li pa ekate non plis posibilite pou yo dewoule tou an 2014 --yon rezèv ki rejwenn kè sote moun nan sosyete sivil la ak sektè politik yo ki genyen dout Ayiti ap òganize eleksyon anvan ane 2013 la bout.

Diplomat ameriken an swete eleksyon yo dewoule yon fason onèt, kredib e demokratik pou moun kapab gen konfyans nan rezilta yo. Se pou sa peyi li ap travay avèk yon bann òganizasyon --tankou IFES (International Foundation For Electoral Systems) NDI (National Democratic Institute) ak Nasyonzini-- pou asire vòt la dewoule nan transparans.

Pou fini, anbasadè Pamela White egzòte palmantè ayisyen yo adopte lwa sou blanchiman lajan an --yon lwa ki, dapre sa li di, enpòtan ni pou Lèzetazini ni pou Ayiti. Madam White ajoute, "Washington ap travay sou yon gwo plan alon tèm pou devlopman Ayiti". Se nan kad sa a, an plis pwogram asistans alimantè, èd pou rekonstriksyon Lèzetazini ap bay deja, li siyen yon akò 100 milyon dola ak Ayiti pou ranfòse systèm sante a, plis yon akò 84 milyon dola anfavè 45 mil fèmye (agrikiltè, kiltivatè ak elvè) pou kore efò kap fèt pou ogmante pwodiksyon agrikòl la.

Selon madam White, 2013 se pral yon bon ane pou relasyon bilateral ant pèp ayisyen ak gouvènman ameriken an -- "yon ane kap miyò pase tout lòt yo."

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute repòtaj anvwaye espesyal Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, Jean-Robert Philippe.
XS
SM
MD
LG