Accessibility links

Breaking News

Yon Jij nan Pakistan Pase lò pou Arete Ansyen Prezidan Pervez Musharraf


Yon tribinal pakistanè rejte demann kosyon ansyen prezidan Pervez Musharraf fè a e l pase lòd pou otorite yo arete l poutèt li te revoke plizyè jij lè li te sou pouvwa a nan ane 2007 nan Pakistan.

Lapolis poko egzekite lòd arestasyon ansyen lidè militè a e li te kite sal odyans tribinal la nan Islamabad ansanm avèk gad-di-kò li.

Mohammad Amjad, sekretè-jeneral Pati misye Musharraf la, Lig Mizilman Pou Tout Pakistan an, deklare avoka ansyen prezidan pakistanè a prale ann apèl devan Kou Siprèm nan kont òdonans arestasyon an.
XS
SM
MD
LG