Accessibility links

Breaking News

Venezuela-Eleksyon: Plis Presyon pou yon Rekontaj Vwa yo.


Patizan lidè opozisyon an, Henrique Capriles, an fas lapolis anti-emet pandan yo tap manifeste pou yo mande yon rekontaj vwa yo (15 avril 2013).
Patizan lidè opozisyon an, Henrique Capriles, an fas lapolis anti-emet pandan yo tap manifeste pou yo mande yon rekontaj vwa yo (15 avril 2013).
O Venezuela, patizan lidè opozisyon an, Henrique Capriles, ap planifye yon 2èm jounen manifestasyon pou madi 16 avril 2013 la, pou yo pwoteste kont defèt ak yon maj tou mens Misye Capriles sibi nan eleksyon prezidansyèl ki te dewoule dimanch 14 avril 2013 la. Lendi, patizan sa yo, ki te move kou kong, bat kastwòl ak bonm epi yo boule bwat fatra pandan yo tap defile nan lari kapital la, Karakas.

Yon ti moman aprè konsèy nasyonal elektoral la fin sètifye rezilta yo, --ki bay kandida ofisyèl la, Nicolas Maduro, laviktwa-- Misye Capriles, ki se gouvènè Eta Miranda, lanse apèl bay patizan l yo pou l mande yo al kanpe devan lokal konsèy elektoral la pou yo pwoteste nan jounen Jodi madi-a. Misye Capriles, ki tap pale de mouvman pwotestasyon ki fikse pou madi a, adrese gouvènman an yon mesaj kote l di:

« Se ou ki responsab lapè nan peyi a; ou responsab pou rezoub pwoblèm ki poze la a. Pinga vin di mwen se ou ki reprezante majorite a; ou pa gen dwa sa. Rezilta ou jwenn yè a, eske ou ka konsidere l kòm vwa majorite a? Peyi sa a divize an 2 mwatye egal-ego. »

Henrique Capriles di katye-jeneral pati l la resevwa plis pase 3 mil 200 plent ki denonse iregilarite nan eleksyon an. Nan Washington, pòtpawòl Mezon Blanch la, Jay Carney, fè konnen li nesesè e pridan pou yo rekonte vwa yo yon fason pou pèp venezuelyen an kapab gen konfyans nan rezilta eleksyon an
XS
SM
MD
LG