Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Lidè Mondyal yo Aprè Anons Lanmò Margaret Thatcher


Potre ansyen Premye Minis britanik Margaret Thatcher - Se moun ki pran dèy pou li ki kite foto sa a devan kay defen an apre gouvènman an te anonse lanmò li nan vil Lond lendi 8 avril 2013 la.
Potre ansyen Premye Minis britanik Margaret Thatcher - Se moun ki pran dèy pou li ki kite foto sa a devan kay defen an apre gouvènman an te anonse lanmò li nan vil Lond lendi 8 avril 2013 la.
La Grand Bretay –ki te anonse lanmò ansyen premye minis Margaret Thatcher lendi 8 avril 2013 la a laj de 87 tan- fè konnen seremoni antèman an pral dewoule mèkredi 17 avril pwochen. Daprè yon deklarasyon gouvènman an fè parèt, antèman an pral chante nan Katedral Saint Paul la avèk onè militè, sètadi se pral mwens ke yon antèman ofisyèl pou respekte volonte fanmi defen an. Daprè menm nòt la toujou, lè seremoni sa a va fini fèt, yon antèman prive va dewoule aprè.

Reyaksyon aprè anons lanmò Madam Margaret Thatcher ki pase nan listwa sou non “La dame de fer ». Prezidan Lèzetazini an, Barack Obama, pran tèt lis ofisyèl ameriken ki rann omaj pou ansyen lidè britanik la. Misye Obama di, avèk lanmò sa a, Lèzetazini pèdi yon bon zanmi.

Lòt lidè ameriken --kit se sa ki an fonksyon toujou, kit se sa k te sèvi sou administrasyon pase-yo-- prezante konpliman yo pou « La dam de fer » pou travay li te fè pou mete fen nan lagè frèt la. Ansyen sekretè deta James Baker pale pou l di Madan Thatcher te tabli yon relasyon sere-sere ak lidè lòt peyi oksidantal yo pou yo te kapab pote bon jan chanjman nan lemond. Misye Baker ajoute :

« Margaret Thacher chanje direksyon listwa. Li te monte sou pouvwa a an 1979 kòm yon premye minis konsèvatè fò. An fèt viktwa l la, sete premye nan yon seri viktwa lidè konsèvatè ta pral ranpòte youn aprè lòt nan anpil peyi: Isit la nou te genyen Ronald Reagan; ann Almay te gen Helmut Kohl; o Kanada te gen Brian Mulroney. Donk, li chanje mach listwa non sèlman nan Lagrann Bretay, men tou nan rès mond la…»

Margaret Thachter te monte nan tèt gouvènman britanik la an 1979 e l te dirije Lagrann Bretay jous nan lane 1990 ; kidonk li se premye minis ki pase plis tan sou pouvwa a depi kòmansman 19èm syèk la.
XS
SM
MD
LG