Accessibility links

 
Etazini-Ekonomi: Bon Siyn pou Avni Imedya Mache Ameriken an.
Breaking News

Etazini-Ekonomi: Bon Siyn pou Avni Imedya Mache Ameriken an.


Ekonomi amerikèn nan ap fè pwogrè piti piti, daprè espesyalis Kevin Swift.
Ekonomi amerikèn nan ap fè pwogrè piti piti, daprè espesyalis Kevin Swift.
Ozetazini, rezilta yon etid ki parèt madi 26 mas 2013 la prezante yon tablo mi-fig, mi-rezen sou ekonomi amerikèn nan --pi gwo ekonomi nan le mond-- kap reprann kap li aprè youn nan pi gwo resesyon li anrejistre nan plizyè deseni. Se gwoup prive American Chemistry Council ki te reyalize etid la.
Etid la montre kantite kòmand izin yo te resevwa nan mwa fevriye pase a, te ogmante pa rapò ak mwa janvye a. Pa egzanp, Depatman Komès ameriken an di kòmand izin yo te resevwa pou machandiz dirab, sibi yon ogmantasyon 5,7 pou san. An plis de sa, yon gwoup prive ki rele “Case Shiller” rapòte pri kay nan 20 pi gwo mache yo o Zetazini, anrejistre yon ogmantasyon ki depase 8 pou san, sòti janvye 2012 pou rive janvye 2013.

Yon lòt kote, si rezilta sa yo bay chif pozitif sou yon posib relans ekonomi amerikèn nan, genyen lòt done ki montre konfyans konsomatè yo bese anpil depi mwa mas la kòmanse. Kèk konsomatè ki reponn kesyon anketè yo, fè konnen mezantant ki genyen ant lidè politik ameriken yo sou pwoblèm bidjetè peyi a ap konfwonte, se yon bagay ki bay yo gwo kè-sote e sa fè yo pa tèlman gen konfyans nan avni ekonomi an. Antou ka, Kevin Swift, yon chèchè nan “American Chemistry Council”, prevwa ekonomi amerikèn nan pral kontinye anrejistre pwogrè, menmsi se pa gwo pwogrè. Misye Swift di:

“An jeneral, aktivite depans ki fèt nan 3èm trimès la, e ki ka rive preske nan 4èm trimès ane fiskal la, se siyn ki anonse yon kwasans ki kapab monte rive ant 2,5 e 3 pou san, pou sa k konsènen pwodiksyon endistriyèl la.”

Kevin Swift di lavant pwodui chimik –ki sèvi nan preske tout aktivite endustriyèl-- sèvi kòm baz pou montre nan ki sans kwasans ekonomik la pral evolye. Si chèchè yo wè izin yo kòmande plis materyèl chimik, sa vle di pral genyen plis aktivite sou mache a e ekonomi an ap fè pwogrè; si lavant pwodui chimik yo bese, se yon siyn ki montre ekonomi an prale o-ranlanti.
XS
SM
MD
LG