Accessibility links

 
Siri:Yon Machin Pyeje Blese yon Gwo Kòmandan Rebèl yo
Breaking News

Siri:Yon Machin Pyeje Blese yon Gwo Kòmandan Rebèl yo


Militan siryen fè konnen yon machin pyeje ki sote nan pati lès peyi a blese yon gwo kòmandan rebèl ki pami premye moun ki te kouri kite lame siryènn nan pou l al pote kole ak opozisyon an.

Obsèvatwa siryen dwazimen an ki baze nan vil Lond fè konnen eksplozyon ki fèt nan bouk Mayadeen blese kòmandan Riyad Al Assad.

Daprè militan yo, janm kòmandan an koupe, men li nan yon eta stab nan peyi Turki. Kòmandan al-Assad te kite yon gwo pòs militè li t ap okipe an 2011 pou l vin tounen lidè lame Siri Lib opozisyon an.
XS
SM
MD
LG