Accessibility links

Breaking News

Prezidan Barack Obama sou Wout pou Rejyon Mwayen Oryan an


Prezidan ameriken an, Barack Obama, ap kite Washington nan jounen madi 19 mas 2013 la pou li ale nan peyi Izarel, premye etap yon virewon 4 jou kap mennen lidè ameriken an tou nan Si-Jòdani ak peyi Jòdani. Prezidan Obama pral fè chita-tande ak lidè israelyen e palestinyen; li pral diskite tou sou dosye Siri ak Iran an.

Prezidan izrayelyen an, Shimon Peres, ak Premye Minis Benjamin Netanyahu, pral resevwa Misye Obama nan ayewopò Ben Gurion nan nan Tel Aviv. Kèk chita-tande bilateral pral kòmanse nan rezidans Prezidan Peres nan Jerizalem; e pi ta prezidan Obama gen pou l rankontre avèk Premye Minis Netanyahu ki va bay yon konferans pou laprès ansanm ak lidè Lèzetazini an.

Prezidan Obama pa pote avè l okenn plan lapè konsènan konfli izrayelo-palestinyen an. Vis-Konseye La Mezon Blanch pou zafè sekirite nasyonal, Ben Rhodes, prezante virewon sa a kòm yon vwayaj enpòtan pou Prezidan Obama. Daprè Misye Rhodes, Lèzetazini konte anpil sou Otorite Palestinyen an ke li konsidere kòm lidèchip lejitim pèp palestinyen an.

Anfen, Prezidan Obama gen pou l fè yon eskal nan Jòdani kote Lèzetazini ap ede otorite yo fè fas ak yon gwo kantite refijye kap sòti nan Siri akoz konfwontasyon ame k ap dewoule nan peyi sa a ant rebel yo ak lame kap defann rejim Prezidan Bashar al-Assad la.
XS
SM
MD
LG