Accessibility links

Breaking News

Venezuela: Fen Ekspozisyon Kadav Defen Prezidan Hugo Chavez


Nan peyi Venezuela, defen Prezidan Hugo Chavez toujou kapab fè efè sou foul menm apre lanmò l. Nan sware jounen jedi 14 mas la, plizyè santèn moun ki t ap chante eslogan “Nou vle wè Chavez” te itilize lafòs pou yo te antre nan yon akademi militè pou yo te ka wè kadav defen lidè venezuelyen nan moman responsab yo tap mete fen nan yon semèn ekspozisyon kadav la.

Lame te oblije entèveni pou li mete lòd e pèmèt moun yo rann defen lidè a yon dènye omaj.

Vandredi 15 mas la, otorite yo gen pou wete kadav la nan akademi militè a pou al mete l nan yon mize militè nan kapityal la, Karakas. Kadav la te enstale depi semèn pase a. Prezidan Hugo Chavez te mouri nan dat 5 mas pase a apre li te lite pandan anviwon 2 zan kont maladi kansè.
XS
SM
MD
LG